Zouti anrejistreman konferans lan pèmèt ou sove anrejistreman pou yo ka koute pita, telechaje nan fòma MP3, oswa pataje avèk patisipan reyinyon ou yo.
Fonksyonalite Anrejistreman an disponib pou itilizatè ki te abòne ak youn nan Plan Pake yo oubyen ki te achte Ekstansyon Anrejistreman an nan paj Ekstansyon nou an.
Si w ap itilize fonksyonalite videyo konferans lan , ou ka kòmanse epi fini anrejistreman odyo w yo lè w peze bouton anrejistreman an anlè sal reyinyon anliy la. Nan telefòn nan, ou ka kòmanse anrejistreman an si w te rele kòm yon moderatè avèk kòd PIN Moderatè w la epi peze *9 pou kòmanse epi mete l sou poz. Ou kapab tou kòmanse fonksyonalite anrejistreman an otomatikman lè w chwazi " Anrejistre odyo otomatikman " anba " Paramèt Konferans " pandan w ap pwograme apèl la apati kont ou a (menmsi fonksyonalite sa a aktive, yon moun dwe toujou antre kòm yon Moderatè).
Yon fwa reyinyon ou a fini, ou ka jwenn aksè nan Anrejistreman ou a atravè kont ou.
Ou ka jwenn aksè nan anrejistreman ou yo anba Meni oubyen anba Konferans Pase yo sou tablodbò konferans lan. La a, ou ka jwe anrejistreman ou yo, kopye lyen URL la pou pataje ak patisipan ou yo, oubyen telechaje anrejistreman an kòm yon fichye MP3 pou ou konsève. Ou ka jwe anrejistreman an tou atravè telefòn nan, jis lè w antre nimewo konpòs la ak kòd aksè ki gen rapò ak anrejistreman an.
Kreye kont FreeConference.com ou a epi jwenn aksè a tout sa ou bezwen pou biznis ou oswa òganizasyon ou an ka kòmanse byen vit, tankou pataj videyo ak ekran , planifikasyon apèl , envitasyon otomatik pa imèl, rapèl , ak plis ankò.